Eske’w gen sansayon w’ap regle yon bagay enpòtan nan moman sa a ? – Technolo Plus
  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Technolo Plus
Advertisement
  • Accueil
  • Articles
  • EditoPlus
  • Je Découvre
  • Autres
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Articles
  • EditoPlus
  • Je Découvre
  • Autres
No Result
View All Result
Technolo Plus
No Result
View All Result
Home Autre Développement Personnel

Eske’w gen sansayon w’ap regle yon bagay enpòtan nan moman sa a ?

Vladimir Beine by Vladimir Beine
27 août 2021
in Développement Personnel, Kreyol
0
Eske’w gen sansayon w’ap regle yon bagay enpòtan nan moman sa a ?
0
SHARES
1
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Pandan m’ap poze tèt mwen kesyon sou ki meyè fason pou’m aprann jere tan’m, pou’m vin pi pwodiktif epi pi efikas nan travay mwen, m’tou pwofite pataje tèks sa ak nou pandan m’ap swete tou, ke li ede’n amelyore tèt nou. Nan fason jou ap kouri la a, li parèt sèten ke si yon moun pa mete anpil agresivite deyò avèk anpil detèminasyon, l’ap rete li wè 5 lane rive sou li san li pa janm regle anyen ki serye ! Pou’m pwouve’w sa, eseye retounen 5 lane nan pase’w pou’w dekouvri kisa’w regle ki te fè enpak nan kominote’w la, ki te chanje kondisyon lavi’w. Majorite nan nou ap reyalize li pat regle yon gwo bagay ki enpòtan pase sa.

E la a tou, m’pap pale de popilarite. Saka rive pandan 5 dènyè lane yo, ou te vin yon moun ki vrèman popilè, gras ak rezo sosyal yo. Petèt ke jounen jodi a, ou se yon moun ki enfliyan. Men èske malgre popilarite’w avèk enfliyans ou, gen pwofi ki fèt, gen kondisyon lavi ki chanje ? Li enpòtan pou’w konprann ke si’w pap travay pou’w chanje eta lavi’w, w’ap rive yon moman swa w’ap dekouraje, osinon swa w’ap kritike moun ki reyisi.

Lavi tout moun sou tè a gouvènnen pa LAJAN

Se pa yon fòmil m’ap chache pou’m di nou swa LAJAN PAKA FÈ BONÈ osinon LAJAN KA FÈ BONÈ. Men sa ki sèten, sèke tout sa w’ap fè ou bezwen lajan pou’w fè’l. Lajan pou’w manje, pou’w abiye, lajan pou’w al kay doktè lè’w malad, elatriye. Nenpòt ki tip konsepsyon ou ta genyen sou richès oubyen sou povrete, pa rete tann se lè’w gen yon ka grav pou’w ap fè demach kòb, se depi jodia pou’w kòmanse regle bagay enpòtan nan lavi’w !

Rete agresif nan moman prezan

M’vle itilize yon mo ki pi fò ke motivation, li rele agresivite ! Konbyen fwa ou leve nan maten avèk anpil planifikasyon nan tèt ou pou jounen an. Ou di tèt ke ou vrèman motive pou’w akonpli tout tach ou gen pou’w akonpli yo, epoutan nan fen jounen an, ou rann ou kont ke’w pa menm akonpli 1/4 nan tach sa yo. Motivasyon se jis yon sansasyon ki jwe sou emosyon ak anvi, kidonk, li paka pouse’w atenn objektif ou yo. Men agresivite kapab. Rete agresif nan moman prezan an, se pi gwo boustè ou kapab ploge nan kò’w ki pou OBLIJE’W travay menm si’w pa anvi, menm si’w pa vle !

Rete fokis epi reyalize yon travay apre lòt

Si nou ta vle rantre nan yon kad ki pi global, anpil fwa ou konn santi’w chaje ak enspirasyon epi ou menm arive mete plizyè gwo pwojè sou pye. Se gade ou gade ou wè w’ap travay isit, ou gen yon biznis adwat, w’ap dirije yon enstitisyon agoch. Sa pa gen anyen ki grav ladann, okontrè ou pa dwe depann de yon sèl sous revni, epitou w’ap sèvi peyi’w, kominote’w. Epoutan sa gen pyèj li ladann si’w pat byen kòmanse.

Nan yon kad ki pi patikilye, li plis ke enpòtan pou’w aprann akonpli yon travay / yon tach apre lòt… Ou dwe monte yon antrepriz alafwa. Paske plis w’ap fè miltitach (plizyè bagay ansanm), se plis w’ap pèdi fokis. Aprann kanalize tout enèji’w sou yon sèl travay la, apresa ou pase pran yon lòt.

Vire zye’w gade tout orizon pou’w jwenn ensiprasyon

Sa ki konn yon andikap pou anpil moun, pafwa, se lè yo manke enspirasyon pou yo fè travay yo. Enspirasyon jwe yon gwo wòl nan reyisit tout moun, an patikilye pou sila yo ki ap egzèse yon metye pwofesyonèl. Lèw manke enspirasyon, se tankou ou pran nan yon blokis mantal ki anpechew avanse.

Annou retounen nan sijè vif ki konsènen nou an. Si’w pa santi w’ap regle yon bagay enpòtan kounye a, se petèt moman pou’w chache konnen kisa ou vle reyèlman. Pi gwo verite ki konsènen tout èt vivan sou latè, sèke pèsòn moun paka viv lavi pa’w la pou ou. Kidonk, li pa fè sans lè ou rete ap tann yon moun vin reyalize yon bagay pou ou. Tout repons yo, tout fòs la, tout vizyon yo getan nan ou deja, se ou ki pou mete agresivite’w deyò pou’w fè sa’w vle fè a. Agresivite vo pi plis ke motivasyon. Nan agresivite, ou jwen fòs, ou jwen opozisyon, kontradiksyon avèk kouraj. Alòske motivasyon se jis yon dezi ki manifeste nan ou, se emosyon, se sansayon…

Poze tèt ou kesyon sa ankò ! Èske’w gen sansasyon ke w’ap regle yon bagay enpòtan nan moman sa a ?

Next Post

Sacrée mathématique!

Vladimir Beine

Vladimir Beine

D'aussi loin que je me souvienne, la technologie et l'écriture ont toujours été mes meilleurs atouts. Aujourd'hui encore, je m'en sers pour critiquer ou opiner sur les grandes avancées technologiques qui chambardent le monde de par les conséquences bien- ou malfaisantes qu'elles drainent derrière elles. Je m'implique en tant que Rédacteur en Chef à Technolo Plus, pour un monde meilleur...

Next Post
Sacrée mathématique!

Sacrée mathématique!

Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Technolo Plus Radio

Stay Connected test

  • 23.6k Followers
  • 99 Subscribers

  • Trending
  • Comments
  • Latest
Recevez désormais de l’argent de la diaspora sur MonCash

Recevez désormais de l’argent de la diaspora sur MonCash

14 septembre 2021
Byento NatCash !

Le service de paiement NatCash va-t-il réellement voir le jour en 2020?

20 juillet 2021
Cpasbien : voici la nouvelle adresse officielle du site de torrents

Cpasbien : voici la nouvelle adresse officielle du site de torrents

7 janvier 2022
NatCash a du mal à se faire des abonnés contrairement à son concurrent direct

NatCash a du mal à se faire des abonnés contrairement à son concurrent direct

15 mars 2022
Byento NatCash !

Le service de paiement NatCash va-t-il réellement voir le jour en 2020?

8
EmoDingo – le jeu qui vous fait découvrir la vraie personnalité de quelqu’un…

EmoDingo – le jeu qui vous fait découvrir la vraie personnalité de quelqu’un…

1
Recevez désormais de l’argent de la diaspora sur MonCash

Recevez désormais de l’argent de la diaspora sur MonCash

1
Je Découvre: Snaptube – l’application qui permet de tout télécharger sur Android

Je Découvre: Snaptube – l’application qui permet de tout télécharger sur Android

1
Telegram Premium: les avantages de la version payante

Telegram Premium: les avantages de la version payante

20 juin 2022
Bitcoin City : la première ville dédiée au Bitcoin est Salvadorienne

Bitcoin City : la première ville dédiée au Bitcoin est Salvadorienne

18 mai 2022
NFT : Nike lance avec succès ses premières baskets numériques CryptoKicks

NFT : Nike lance avec succès ses premières baskets numériques CryptoKicks

2 mai 2022
Snake : le jeu de Serpent typique de Nokia disponible sur les Smartphones

Snake : le jeu de Serpent typique de Nokia disponible sur les Smartphones

28 avril 2022

Récentes Publications

La technologie est fascinante. Les prouesses numériques nous facilitent la vie dans tous les domaines. De ce fait, pour mieux cerner les enjeux technologiques qui caractérisent et qui influent sur notre époque, notre région et sur le monde, nous vous dédions ce magazine hors pair qui traite la une de l'actualité tout en mettant en lumière les méfaits de la technologie quand elle n'est pas utilisée à bon escient. Nous sommes Technolo Plus Magazine, une empreinte numérique fiable!

Follow Us

Browse by Category

  • Applications
  • Articles
  • Autre
  • Autres
  • Bons Plans
  • Cryptomonnaies
  • Développement Personnel
  • Dossier
  • EditoPlus
  • Je Découvre
  • Jeux
  • Kreyol
  • Motivation
  • NFT
  • Opinions
  • Spotlight
  • Top Actus

Top Actus

Telegram Premium: les avantages de la version payante

Telegram Premium: les avantages de la version payante

20 juin 2022
Bitcoin City : la première ville dédiée au Bitcoin est Salvadorienne

Bitcoin City : la première ville dédiée au Bitcoin est Salvadorienne

18 mai 2022
  • About
  • Contacts
  • Settings
  • Advertise

© 2021 • Technolo Plus

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Articles
  • EditoPlus
  • Je Découvre
  • Autres

© 2021 • Technolo Plus